Barcelone genyen Real Madrid san fòse nan final super Koup Espay la

Barcelone rive kase mete nan men Real Madrid nan final super Koup Espay la (3-1) jodi diamanch lan, nan peyi Arabi Sawoudit. Xavi pran premye tit li ak Blaugrana yo nan yon klasiko fas yon antrenè ki genyen 18 final nan karyè li.

 

Pou premye klasiko ane 2023, Barcelone genyen final super Koup Espay la san fòse fas Merengue yo (3-1) nan peyi Arabi Sawoudit. Pablo Gavi, jèn 18 lane a,  fè yon match san parèy, kote li bay 2 pas gòl epi fè yon gòl.

 

Ekip Realmadrid la te pedi kontwòl match depi nan premye mitan, kote l te pran 2 gòl: P. Gavi (33yèm), Lewandowski  45yém. Aprè Pedri ta pral mete apse sou klou a nan 69yèm nimit.

 

Jwè Ancelloti yo pase yon mizè avan Benzema tap pral retire zewo a pou yo. Xavi pran premye tit li nan yon klasiko, epi kontinye kenbe fòm li nan Liga, kote li se lidè a.